Fôs Ayeryèn Etazini revoke 27 moun poutè t yo derefize pran vaksen KOVID-19 la. Yo se premye manm fòs lame Ameriken an ki pèdi djob yo apre yo dezobeyi règleman ki mande pou yo al pran piki a.
Fos Ayeryènn nan te bay militè yo jiska 2 Novanm pou yo pran vaksen an, e gen plizyè milye ki swa refize oubyen ki mande egzanpsyon.
Yon pòt pawol Fòs Ayeryèn nan, Ann Stefanek deklare Lendi ke moun sa yo pral revoke pou rezon ki gen rapo ak vaksen an.