Dè santèn moun pran lari nan divès vil peyi End pou pwoteste kont desizyon gouvènman an te pran sa pa gen lontan pou lage 11 nèg ki te fèmen nan prizon a vi poutèt yo te fè kadejak sou yon dam Mizilman pandan emet relije ki te devaste peyi a an 2002.
Manifestan yo nan kapital la, New Delhi, te chante slogan Samdi epi mande pou gouvènman eta Gujarat nan wès la retounen sou desizyon ni.
Yo te chante slogan tou an solidarite ak viktim nan.
11 mesye yo jwen liberasyon apre la jistis te sispann santans yo 15 Out nan moman End tap selebre 75 zan endepandans.
La jistis te kondane mesye sa yo an 2008 pou vyol, asasina ak rasanbleman ilegal.