WASHINGTON —
Dapre yon rezime ankèt Sèvis Sekrè a mennen e ke ajans nouvèl Associated Press obteni, yo pa jwen oken enprent ni ADN sou yon sache kokayin ke yo te jwenn nan sal atant Zèl Oksidantal Lamezonblanch la. Yo pa jwenn anyen malgre analiz sofistike ki fèt nan yon laboratwa sofistike FBI la epi analiz videyo siveyans ki egziste a pa idantifye okenn sipèk.
Kidonk pèson pa konnen kiyès kite pote dwòg antre nan Lamezonblanch.
Nap raple ke ajan Sèvis Sekrè yo te jwenn yon poud blan pandan fouy woutin yo te fè nan Lamezonblanch 2 Jiyè pase a nan yon koulwa kote anpil moun pase - pami yo anplwaye Lamezonblanch yo ak gwoup touris ki oblije depoze telefòn yo ak lòt efè pèsonèl anvan yo vizite Mezonblanch la.