Rezilta preliminè ak pasyèl eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan Guatemala Dimanch endike gen anpil chans pou yo oblije oganize yon dezyèm tou 20 Out.
Yo finn kote apepre 98% vòt yo Lendi.
Tribinal ELektoral Siprèm nan rapòte ke ansyen premyè dam Sandra Torres, ki reprezante pati konsèvatè UNE a ak Bernardo Arevalo, ki reprezante pati gochis Mouvman Semans la ranpote plis vwa pase tout lòt kandida yo. Sepandan tou le 2 ranpòte mwens pase 20% vwa yo. Lwa peyi Guatemala mande pou yon kandida ranpote 50% vwa yo pou genyen premye tou a.
Lòt kandida yo ranpòte prèske otan vwa ke 2 kandida sa yo, kidonk yo taka patisipe nan dezyèm tou a tou.