Yon elikoptè degrengole e tonbe nan lanmè a nan Miami Beach, nan yon moman kote te gen anpil moun nan Lanmè a. Miami Beach se on kote ki popilè pou touris yo.
Yo te mennen 2 pasaje ki te nan elikoptè a lopital, youn nan kondisyon ki estab, e pa gen okenn lòt moun te blese.
Depatman Lapolis Miami Beach te di ke li te resevwa yon apèl samdi apremidi konsènan aksidan.
Yon videyo lapolis pataje montre elikoptè a k ap tonbe nan lanmè a an pandan te gen apil moun ki tap benyen.