Lame iranyèn nan pral frape kè Peyi Izrayel si li poze “menm yon ti aksyon” kont Repiblik Islamik la.” Se deklarasyon Prezidan iranyen an, Ibrahim Raisi, fè lendi nan okazyon yon parad militè nan moman gen blokaj nan negosyasyon ant Teyeran ak puisans mondyal yo pou relanse yon akò yo te siyen an 2015 sou pwogram nikleyè Iran an.
Izrayèl –ke moun konnen an jeneral kòm sèl peyi nan Mwayen Oryan an ki gen zam atomik- fè konnen okenn akò nikleyè ak Iran pa p mare men li e li kapab pran aksyon pou kont li pou l atake entalasyon nikleyè Iran yo.
Prezidan Raisi, ki t ap fè yon diskou televize pou make fèt nasyonal laame a, deklare:
“Rejim syonis la, men yon mesaj pou ou: Si ou poze nenpòt ki aksyon kont peyi nou an, fòzame nou yo pral vize kè rejim syonis la. “
Lèzetazini ak Iran gen plis pase 2 zan depi y ap negosye yon relans akò entènasyonal sou pwogram nikleyè Iran an apre Washington te kite akò a an 2018 epi li te enpoze sanksyon sou Iran. Men, nouvo seri negosyasyon yo te kanpe mwa pase a akoz kesyon pou konnen si Lèzetazini ap wete Gad Revolisyonè Iran an sou lis òganizasyon teworis etranje yo, jan Teyeran ap reklame sa a.