NEW YORK (AP) — 4 sitwayen nan New York mouri nan dife ki te pwopaje nan aptaman kote yo te rete.
Otorite yo fè konnen dife sila te kòmanse nan yon boutik ki vann bisiklèt elektronik, e dife a te al pwopaje nan apatman ki nan etaj anwo magazen an, se sa ki koze lanmò 4 moun yo epi blese plizyè lòt soti blese.
Ta sanble koz dife a lye ak pil ityòm ki nan bisiklèt yo.
Dife a te kòmanse Madi man nan katye Chinatown nan Manhattan.
Otorite yo di 2 gason ak 2 fanm mouri, e 2 lòt fanm te entène lopital nan kondisyon kritik.
Ofisyèl yo di yo te jwenn chaj batri e magazen an te an vyolasyon ak nòm elektrik yo ane pase yo te fè boutik sa peye $1,600 amand.
Yon nonm ki te di ke li se li menm ki mèt boutik la di The Associated Press ke pat gen okenn pil ki tap chaje nan mitan lannwit lan.