Foutbòl: Etazini-Meksik, Jamayik, Ayiti ap Twoke Kònn yo nan Match Kalifikasyon pou Mondyal Medam yo

Foto Achiv: Jwèz Ayisyèn Danielle Etienne (8) ak Sherly Jeudi (mitan) pandan yon match CONCACAF, 3 Fevriye 2020.

Etazini pral fè fas ak Meksik, Jamayik ak Ayiti nan Gwoup A nan Chanpyona CONCACAF Feminen an pandan sezon ete a. Sa pral detèmine kiyès kap kalifye pou Mondyal Feminen 2023 a.

Kanada, Kosta Rika, Panama ak Trinidad ak Tobago nan Gwoup B tounwa a ki regwoupe peyi Amerik di Nò, Amerik Santral ak Karayib la. Li pral dewoule ant 4 ak 18 Jiyè nan vil Monterrey o Meksik.

2 pi bon ekip nan chak gwoup pral kalifye pou Mondyal la, ki fikse pou 20 Jiyè pou rive 20 Out 2023 nan peyi Ostrali ak la Nouvèl Zeland.