Yon lidè relije Shiit ki gen anpil enfliyans anonse li pral rale ko li soti nan politik nan peyi Irak. Se konsa de santen patizan misye ki te move kou kong te anvayi pale a.
Mezi a deklanche lese frape ak fos sekirite yo kote omwens 15 manifestan pedi lavi yo.
Otorite medikal yo di gen de douzen manifestan ki blese pa bal, e gen lot ki blese le yo tire gaz lakrimojen epi goumen ak lapolis.
Manifestasyon Lendi yo vini apre anons lide Shiit Muqtada al Sad te fe a.
Gouvenman Irakyen an mele depi pati misye te ranpote yon paket syej nan palman an nan eleksyon mwad Oktob la, men li pa gen ase syej pou gen yon majorite nan palman an.