Patizan yon lidè relije Irakyen ki gen anpil enfliyans ki te pran zam yo epi antre nan lese frape ak fòs sekirite yo nan kapital Irakyèn nan kòmanse antre lakay yo.
Desizyon sa a restore kalm nan Baghdad apre gwo tansyon politik ki te egziste nan vil la akoz sityasyon politik la.
Apre 2 jounen dezòd ki te soulve kè sote dèske enstabilite a taka pwopaje nan tout peyi a, lidè Muqtada al Sadr te mande patizan li yo pou yo pati kite espas kote biwo leta yo sitye.
Kèk minit apre sa, moun te ka we patizan yo ap pati. Lame Irakyen an anonse tou li pral leve kouvrefe nasyonal ki te an plas la.
Sa bay sitwayen yo espwa dèske kriz la komanse rezoud, malge gwo pwoblèm politik yo toujou la.