Komite Elektoral Libi a diskalifye pitit gason ex-diktatè Moammar Gadhafi a kòm kandida pou eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule mwa pwochen an. Komite a site kòm rezon, plizyè kondanasyon nan tribinal misye te resevwa nan le pase.
Non Seif al-Islam Gadhafi a te parèt sou yon lis kandida ki pa elijib pou eleksyon an, ke komite a pibliye Mekredi. Li ka konteste desizyon sa a devan tribinal nan jou kap vini yo.
Eleksyon prezidansyèl fikse pou 24 Desanm, apre plizyè zane tantativ LONU te dirije pou mete fen nan lage sivil peyi a.
Seif al-Islam te resevwa yon kondanasyon a mò an 2015 pou zak vyolans li te komèt kont manifestan yo pandan yon revòlt an 2011. Tribinal Krim Entènasyonal la asiyen'l tou pou krim kont l'imanite ki gen rapò ak revòlt sa a.