Koudeta nan Soudan - Jeneral Abdel Fattha al-Burhan Pran Pouvwa a
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Lyetnan-Jeneral Abdel Fattha al-Burhan, chèf nouvo gouvènman militè a nan Soudan.
Lame poze arestasyon Premye Minis la, Abdoula Hamdok, ak lòt otorite nan gouvènman ranvèse a paske yo pa vle apiye koudeta a.
WASHINGTON D.C. —
Nan Soudan, lyetnan-jeneral Abdel Fattha al-Burhan, ofisye militè ki pi wo grade nan fòzame a, dekrete yon eta dijans e li kraze konsèy konjwen militaro-sivil ki t ap dirije peyi a depi 2 zan. Lame poze arestasyon Premye Minis la, Abdoula Hamdok, ak lòt otorite nan gouvènman ranvèse a paske yo pa vle apiye koudeta a.
Kesyon ap poze pou mande kisa k ap pase konsa nan peyi afriken sa a? Klike sou video ki anba a pou w gen kèk eleman repons avèk Lyonel Desmarattes.