Twoup Ameriken ap Veye Espas Ayeryen Mwayèn Oryan an depi yon Baz nan Qatar Pandan Mondyal Foutbòl la

Nan foto sa a ke Aviyasyon Lezetazini pataje ak lapres, twoup ameriken yo patisipe nan yon emisyon an direk chen televizyon Ameriken Fox NFL Dimanch kote yo tap rann omaj ak veteran lage Etazini yo, 13 Nov. 2022, depi baz Aviyasyon Al-Udeid la nan Qatar.

Apepre 8,000 sòlda Ameriken ap veye espas ayeryen Mwayèn Oryan an depi yon gwo baz aviyasyon ki sou kontwòl Qatar pandan Mondyal Foutbòl la ap dewoule.

Baz aviyasyon Al-Udeid la sitye nan dezè a apepre 30 kilomèt o sidwès Doha, kapital Qatar.

Yo te konsidere baz sa a tèlman sekrè ke ofisye militè Ameriken yo te konn refere a li kòm "yon kote nan sidwès Azi."

Kounyea koken chen baz sa a reprezante yon bijou estratejik pou Qatar.

Li mete aksan sou kolaborasyon sere-sere ki egziste ant Etazini ak emira a ki sitye nan Gòlf Arab la.

Washington konsidere Doha tankou yon alye enpòtan ki pa manm LOTAN.