Yon tranblemanntè ki gen yon pwisans preliminè 7,5 sou echèl Richter la frape rejyon nò Pewou Dimanch. Gen kèk bilding ki sibi domaj, epi debri bloke wout yo.
LIMA —
Malgre sekous la te fò, li te frape 112 kilomèt anba tè, e sa lakoz pat gen plis domaj ak viktim.
Sekous la fèt a 5:52 nan maten (1052 GMT), episant la te santre nan rejyon Amazon nan ak yon distans 42 kilomèt o nò-nòdwès vil Barranca.
Sèvis Jeyoloji Etazini an, USGS, deklare li te gen yon magnitid 7,5.