Donald Trump te anonse lendi Etazini pral moute taks, nan yon "tan ki pa twò lwen", sou semi-kondiktè yo, men tou sou pwodwi famasi ak metal tankou asye.
Sous diplomatik yo di manifestan nan kapital peyi a (Kinshasa) te lanse atak kont plizyè anbasad, pami yo anbasad peyi Rwanda. Manifestan sa yo swadizan fè atak sa yo pou denonse konfli ki genyen nan lès peyi a.
Lendi 27 janvye a Sena ameriken an, ak yon vòt 68-29, dakò pou milyadè Scott Bessent vin minis Trezò, sa ki mete l nan posizyon pou li al egzekite pwogram ekonomik prezidan Trump la.
Plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo, kèk lòt mouri, nan kad yon operasyon gwo ponyèt Lapolis Nasyonal Ayiti ak Misyon miltinasyonal la mennen ayè lendi a nan komin Kenskòf.
Gouvènman brezilyen an konvoke Chaje Dafè anbasad ameriken an nan Brasilia lendi 27 janvye a pou l te mande eksplikasyon sou tretman degradan, dapre li, yo te bay migran brezilyen ilegal yo pandan ekspilsyon yo.
Lendi, Sekretè Deta ameriken Marco Rubio kondane atak gwoup ame M23 a fè sou vil Goma, nan lès Repiblik demokratik Kongo.
Prezidan Belarisyen Alexander Lukashenko deklare Dimanch 26 janvye a ke li pa "regrèt" deske te pèmèt fLarisi sèvi ak teritwa Belarisyen pou yo anvayi Ikrèn nan mwa fevriye 2022.
Lendi, pòtpawòl gouvènman Izraelyen David Mencer di 8 nan otaj ki te pwograme pou jwenn liberasyon yo nan premye faz akò lapè a ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza mouri.
Sekretè Deta Ameriken an anonse dimanch ke Washington sispann remèt viza nan anbasad li nan Kolonbi, kom repons ak desizyon Bogota te pran pou l te anpeche avyon militè ameriken ki te transpote imigran Etazini ateri nan peyil .
Ministè Sante peyi Liban fè konnen kout zam lame izrayelyen an touye yon moun epi blese sèt lòt lendi nan sid peyi a, yon jou apre yo te pwolonje trèv nan lagè ant Izrayèl ak Hezbollah a.
SEOUL, Kore di Sid (AP) — Kore di Nò deklare li teste yon sistèm misil kwazyè, ki se twazyèm demonstrasyon zam li fè ane sa a, epi li pwomèt repons “pi sevè” kont sa li rele ogmantasyon egzèsis militè Etazini-Kore di Sid yo ki sible Kore di Nò.
Etazini "kondane" atak Rwanda ak gwoup ame M23 a nan lès Repiblik Demokratik Kongo (DRC), se sa reprezantan li nan Nasyonzini an te di dimanch. Li avèti ke Washington ta itilize "tout zouti" ki disponib kont moun ki alimante konfli a nan rejyon an.
Pòtpawòl lame Kongo a te di Samdi ke "Rwanda detèmine pou sezi vil Goma". Goma se yon gwo vil nan lès peyi a ke sòlda M23 yo preske ansèkle.
Minis Afè Etranjè Kongo a akize Rwanda dimanch nan Nasyonzini ke lè li te voye nouvo twoup nan lès peyi a (DRC), li te konsidere aksyon sa a tankou yon "deklarasyon lagè".
Prezidan Byelorisi a Alexander Lukashenko te re-eli dimanch ak 87,6% apre vòt yo, dapre biwo konsèy elektoral peyi a.
Omwen 27 sòlda peyi Nijerya pèdi lavi yo nan yon atak swisid jihadis nan nòdès peyi a, dapre sa 2 sous militè te di AFP dimanch.
Prezidan fransè a Emmanuel Macron Dimanch 26 janvye a te mande Premye Minis Izrayelyen an pou l "retire fòs li yo ki toujou prezan nan Liban"
Tom Homan ke prezidan Trump mete kòm responab ajans ICE (Immigration and Customs Enforcement) ki gen responsabilite pou depòte migran ki sou teritwa ameriken an san papye, admèt dimanch 26 janvye posiblite pou yo arete migran sa yo nan lekòl oswa nan legliz.
CHICAGO (AP) — Prezidan Donald Trump bay gras aktivis anti-avòtman ki te kondane pou envazyon ak blokaj yon klinik nan Washington nan mwa oktòb 2020.
Donald Trump nonmen Sean Curran, yon ajan ki te prezan nan tantativ asasina ki te fè kont li an jiyè pase a nan Pennsilvani, pou dirije ajans Sèvis Sekrè a, ki responsab pou pwoteje responsab politik yo Ozetazini.
Load more