Prezidan Donald Trump resevwa nan La Mezon Blanch Marc Fogel yon sitwayen ameriken apre li te jwenn liberasyon li nan men otorite Ris yo.
Bilyonè Elon Musk, ke prezidan ameriken an Donald Trump te nonmen pou dirije Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) , defann aksyon depatman li Madi nan Mezon Blanch la, li deklare si yo pa koupe bidjè a, Etazini ap fè "fayit".
Pap Franswa kondane madi desizyon prezidan ameriken Donald Trump pou l mete migran deyò an mas, li di politik sa a "pase diyite yo anba pye", epi li mande fidèl yo reflechi sou "lejitimite" yon politik konsa.
Premye minis Kanadyen an, Justin Trudeau, pwomèt madi peyi li pral bay yon repons "fèm epi klè" si Etazini mete frè ladwàn sou asye, "si sa nesesè", nan ka kote yon solisyon amikal pa mache.
Omwen 55 moun pèdi lavi yo nan Gwatemala lendi, apre yon bis kraze yon baraj sekirite epi tonbe nan yon ravin, daprè otorite yo. Se youn nan pi move aksidan sikilasyon ki fèt nan Amerik Latin nan pandan dènye ane yo.
Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, ap rankontre vis-prezidan Etazini JD Vance vandredi pandan Konferans Sekirite Minik la, daprè pòtpawòl lidè ikrenyen an te di AFP. Reyinyon sa a fèt pandan Washington ap pouse pou mete fen nan lagè ki gen prèske twa lane ant Ikrèn ak Larisi.
Prezidan Ejipsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, mande madi pou rekonstriksyon Gaza "san deplase Palestinyen yo," apre Donald Trump te di li ka sispann èd li bay Ejip ak Jòdani si peyi sa yo refize resevwa Gazawi yo.
Yon gwoup envestisè ki gen Elon Musk kòm lidè di yo ofri $97.4 milya dola pou achte òganizasyon karitativ ki dèyè OpenAI la, sa ki agrave yon konfli ant konpayi entèlijans atifisyèl saa ak Musk ki te ede fonde l.
Yon premye gwoup sitwayen venezyelyen Etazini mete deyò nan peyi a te ateri lendi 10 fevriye a nan aswè nan ayewopò Maiquetia, nan nò Caracas, dapre sa yon jounalis AFP te konstate.
Donald Trump siyen yon dekrè lendi 10 fevriye a pou enpoze yon tarif 25% sou asye ak aliminyòm ki enpòte Ozetazini. Se dènye desizyon prezidan an pran nan lagè komèsyal li lanse kont plizyè peyi nan mond la.
Prezidan franse Emmanuel Macron mande moun ann Ewòp pou yo pare pou reponn posib tarif ke Donald Trump ka mete sou yo, se konsa Macron te pale nan yon emisyon ayè dimanch la sou chèn televizyon ameriken CNN.
Prezidan ki sou pouvwa nan peyi Ekwatè a Daniel Noboa ak rival gochis li Luisa Gonzalez angaje nan yon match sere apre eleksyon prezidanyèl ayè dimanch la nan Ekwatè, sa ki soulve posiblite pou gen yon 2èm tou eleksyon nan peyi sa a ki divize e ki anba vyolans trafik dwòg.
Konseye sekirite nasyonal Prezidan Donald Trump lan, Mike Waltz, di kèk gwo ofisyèl administrasyon an ap vwayaje pou Ewòp semenn sa a.
Preske twa lane depi Prezidan Vladimir Putin te anvayi Ikrèn, twoup li yo ap fè pwogrè sou chan batay la. Kyèv ap lite ak mank sòlda ak zam. Epi nouvo prezidan ameriken an ta ka kanpe byento gwo èd militè Ikrèn ap resevwa.
Plizyè inite spesyalize nan Polis Nasyonal Ayiti, nan tèt kole ak misyon miltinasyonal la, mennen yon operasyon gwo ponyèt nan Kwadèboukè pandan weekend nan, pou kraze aktivite kanaval gang 400 Mawozo t ap òganize.
Donald Trump te reyafime tout konfyans li nan Elon Musk, ki an chaj pou koupe depans federal. Nan yon entèvyou nan FOX News Prezidan an asire ke PDG X la ta ede dekouvri "dè santèn de milya de dola fwod."
Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.
Pou ane 2024 la, vyolans seksyèl kont timoun yo an Ayiti ogamante a yon vitès dejenere, dapre sa UNICEF fè konnen nan yon rapò li pibliye semèn sa.
Prezidan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la Vandredi kondane sanksyon kont enstitisyon an ke Prezidan Ameriken Donald Trump te pran kont yo, li di sa se kòm yon "atak grav" sou lòd entènasyonal la.
Prezidan Donald Trump te di Vandredi ke li pa prese pou plan li genyen pou Gaza.
Load more