FRANKFURT, Almay (AP) — Kèk nan pi gwo pwodiktè gazolin nan mond lan ap redui pwodiksyon yo.
WASHINGTON (AP) — Plis pase de douzèn Demokrat nan Kongrè Etazini an ki itilize TikTok kounye a ap fè fas ak kesyon pou konnen si yo pral kontinye sèvi ak li.
TALLINN, Estoni (AP) — Anbasadè Larisi a nan Byelorisi di ke Moskou pral deplwaye zam nikleyè taktik toupre fwontyè Byelorisi ak kèk vwazen peyi lOTAN.
LOS ANGELES (AP) — Lapolis nan Los Angeles di 1 moun pèdi lavi e 3 lòt blese nan yon fiziyad pandan yon negosyasyon dwòg deyò yon sant dacha Samdi.
NEW YORK (AP) — Donald Trump se pa premye prezidan, kit se lè li sou fòtèy boure a, kit se apre li fin kite l, ki gen pwoblèm ak lajitis. Nan lane 1974, Richard Nixon te fè fas ak yon pakèt akizasyon posib pou swadizan move zak li te fè an koneksyon avèk dosye sa yo rele Watergate la.
TALLINN, Estoni (AP) — Prezidan Byelorisi a di ke Larisi yo ta ka deplwaye nan peyi l zam nikleyè estratejik ansanm ak yon pati nan asenal nikleyè taktik li.
CIUDAD JUAREZ, Meksik (AP) — Otorite Meksiken yo di y ap mennen ankèt sou 8 anplwaye oswa otorite pou konnen si se move konduit nan yon sant kote yo kenbe migran ki te lakoz dife ki pran lavi 39 moun ki te anba kòd nan sant la.
SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Fanmi yon koup ameriken ke bandi kidnape ann Ayiti ap plede pou yo jwenn liberasyon.
MOSCOU (AP) — Lame Ris ap fè egzèsis ak fòs misil estratejik li yo pou montre gwo kapasite nikleyè peyi a.
NAIROBI, Kenya (AP) — Otorite nan peyi Rwanda lage semèn pase a nonm ki te bay enspirasyon pou fè fim "Hotel Rwanda" a. Li rive Katar e kounya li sou wout pou l reyini ak fanmi li Ozetazini.
Load more