WARSAW, Polòy (AP) — Otorite nan peyi Polòy ak Slovaki mande pou alye yo bay Ikrèn avyon de gè. Yo di ke yo deja pare yo menm pou voye bay Kyèv avyon de gè MiG-29 ke Inyon Sovyetik te fabrike, nan kad yon kowalisyon entènasyonal.
NEW YORK (AP) — Yon tribinal federal nan New York bay otorizasyon pou sezi yon Boeing 737 ki vo 25 milyon dola ke yon konpayi enèji Ris posede, e yo di ke desisyon sa se akoz sanksyon Etazini te pran kont Larisi kòm repons pou envazyon li kay vwazen li Ikrèn.
VIL MEXIKO (AP) — Prezidan Meksik la di peyi li pa pwodui oswa konsome fentanyl, malgre anpil prèv ki montre li fè sa.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Otorite ann Ayiti idantifye kèk nouvo sispèk nan asasinay Prezidan Jovenel Moïse, pami yo yon pastè ak yon chef gang ke anpil moun konnen.
Iran ak Arabi Saoudit antann yo vandredi pou yo retabli relasyon diplomatik antre yo e re-ouvè anbasad yo apre dèz ane tansyon ant 2 peyi yo, ki te gen antwòt yon atak ki te fè gwo dega nan kè pwodiksyon petwòl nan wayòm nan e ke yo te lage sou do Teheran.
FRANKFURT, Almay (AP) — Adidas kontinye ap lite pou jwenn fason pou l debarase li ak yon kantite soulye Yeezy ki rete nan men l pou yon valè $ 1.3 milya apre separasyon li ak rapè Ye ke anpil moun konnen sou non Kanye West.
WASHINGTON (AP) — Yon pòtpawòl lidè Repibliken nan Sena a fè konnen Mitch McConnell entène lopital apre li te bite epi tonbe mèkredi nan yon otèl.
WASHINGTON (AP) — Pòtpawòl Depatman Deta Ameriken, Ned Price, ap demisyone nan pozisyon li.
Administrasyon Biden nan rele JetBlue Airways lajistis pou anpeche l achte Spirit Airlines. Dapre gouvènman an si acha sa fèt, lap diminye konpetisyon sou mache a e lakoz pri tikè yo moute.
Otorite Meksiken yo di Madi, ke 2 nan 4 sitwayen ameriken ke kriminèl te kidnape nan Meksik mouri apre yo te travèse fwontyè a pou ale nan peyi sa a.
LACONIA, N.H. (AP) — Demokrat nan eta New Hampshire fache ak Prezidan Joe Biden ki, dapre yo, pa ba eta yo a valè pwiske li pa chwazi New Hampshire pou li lanse kanpay li pou eleksyon primè.
ATÈN, Lagrès (AP) - Lajistis akize Kontwolè ki te de sèvis nan estasyon tren sa ki lakoz anpil moun pèdi lavi yo a de omisid ak neglijans, e yo voye li nan prizon pandan li ap tann jijman li.
Load more