Ex-Prezidan Donald Trump gen pou rann tèt li bay lajistis nan vil Atlanta, Joji kote yo akize l de koken nan eleksyon prezidansyèl 2020 an. Nou gen sou plas, Philip Crowther.
NIAMEY, Nijè (AP) — Inyon Afriken an sispann Nijè nan enstitisyon an ak nan tout aktivite li apre koudeta mwa pase a "jiskaske yo retabli lòd konstitisyonèl nan peyi a."
Ansyen Prezidan Donald Trump di ke li pral rann tèt li bay otorite yo nan Georgia Jedi pou fè fas ak akizasyon ki sou do li kòmkwa li te nan konplo pou ranvèse ilegalman defèt li nan eleksyon 2020 an.
WASHINGTON (AP) — Pwokirè federal yo gen pwoblèm ak dat jijman ann Avril 2026 avoka Donald Trump yo te pwopoze nan dosye ki akize ansyen prezidan an kòmkwa li te fè konbinezon pou ranvèse rezilta eleksyon 2020 an.
NEW YORK (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump konfime ke li pa pral patisipe nan premye deba prezidansyèl Repibliken an Mèkredi - e ke gen anpil chans tou pou li pa patisipe nan lòt aktivite tou.
Load more