SEOUL, Kore di Sid (AP) — Lidè Kore di Nò, Kim Jong Un, te nan parad militè peyi li ansanm ak delege ki soti Larisi ak Lachin kote li devwale youn nan misil ki pi pwisan li yo ki gen kapasite nikleyè.
AUSTIN, Texas (AP) — Lide pou mete yon baryè flotan nan flèv Rio Grande nan Texas la se yon mezi ki nouvo, men yon ansyen otorite administrasyon Trump la di lide a te la deja.
NEW YORK (AP) — Lajistis kondane jinekològ Robert Hadden e ba li santans 20 ane prizon poutèt li ta vyole konfyans plizyè pasyan li e fè abi seksyèl sou yo pandan plis pase 2 dizèn lane nan yon lopital prestijye nan New York.
TOKYO (AP) — Lapolis nan Japon di yo arete yon fanm ak paran li nan yon dosye lajistis ap envestige kote yo ta koupe tèt yon nonm nan vil Sapporo, kote yo te jwenn kò san tèt la nan yon chanm otèl sa gen 3 semèn.
ODESA, Ikrèn (AP) — Nan sèlman yon semèn, Larisi lanse plizyè douzèn misil ak dronn sou rejyon Odesa nan Ikrèn, kote li frape sant istorik vil la ke li te fè anpil efò pou epaye depi nan koumansman lagè a.
LONDON (AP) — Elon Musk revele bay piblik la yon nouvo logo "X" ki pral ranplase zwazo ble ki konn fè remake logo aktyèl Twitter a, pandan ke platfòm medya sosyal ke Musk te achte pou $44 milya ane pase a ap refè imaj li.
Load more