HELSINKI (AP) — Minis Afè Etranje Fenlann lan di Larisi jele kont an bank misyon diplomatik Fenlann lan nan Moskou ak Saint Petersburg.
Depatman Deta Ameriken kondane arestasyon yon ansyen anplwaye konsila ameriken nan Larisi.
FARMINGTON, N.M. (AP) — Chèf lapolis Farmington, nan eta Nouvo Meksik di ke yon nonm ki gen 18-zan tire e touye 3 moun ak blese 6 lòt. Dapre otorite yo li te kòmanse tire sou tout sa ki sou wout li tankou machin ak kay ki nan katye a.
Direktè ChatGPT a ki se yon konpayi entelijans atifisyèl pral temwaye devan palmantè Ameriken yo nan moman yo lanse yon apèl pou gen nouvo règleman pou jere teknoloji sa a kap devlope rapidman.
ANKARA, Latiki (AP) — Responsab konsèy elektoral Tik la di kous prezidansyèl la prale nan dezyèm tou, akoz prezidan Recep Tayyip Erdogan pa t jwenn ase vwa pou te ranpòte viktwa a depi nan premye tou.
Peken (AP) —Lajistis nan Lachin kondane yon sitwayen ameriken ki gen 78 tan pou'l al pase tout rès vi li nan prizon, anba akizasyon espyonaj.
AUSTIN, Texas (AP) — Yon sèjan Lame Ameriken ki te touye yon manifestan nan yon mach Black Lives Matter (Lavi Nwa yo Konte) nan Texas jwenn santans poul pase 25 ane nan prizon.
Load more