WASHINGTON (AP) — Repibliken yo nan Chanm Depite Etazini an ap chèche pase yon pwojè lwa pou konstwi plis miray sou fwontyè ak Meksik la e enpoze nouvo restriksyon sou moun k ap chèche azil yo.
KYIV, Ikrèn (AP) — Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy di lame peyi li bezwen plis tan pou prepare yon kont-ofansif ke moun ap tann pou repouse fòs Ris yo.
PARIS (AP) — Lionel Messi ka retounen nan ansyen Klèb li FC Barcelòn. Oswa li kapab ale jwe pou yon ekip Arabi Saoudit nan yon antant ki ap rapòte li anpil lajan.
Chanselye Alman Olaf Scholz deklare devan Palman Ewopeyen ke Inyon Ewòp la pa ta dwe kraponnen devan demonstrasyon fòs ke Prezidan Vladimir Putin fè sou plas Wouj la e ke nou dwe rete "fèm" nan sipò nou pou Ikrèn.
TORONTO (AP) — Gouvènman Kanadyen an ap ekspilse yon diplomat Chinwa ki, dapre ajans espyonaj Kanada a, te enplike nan yon konplo pou entimide yon palmantè nan opozisyon an ak fanmi l nan Hong Kong.
WASHINGTON (AP) — Otorite ameriken yo di Etazini pral bay Ikrèn 1.2 milya dola anplis nan èd militè alontèm pou ranfòse defans aeryen li pandan Larisi kontinye ap sakaje Ikrèn ak dron, misil elatriye.
Lidè gwoup paramilitè Wagner fè konnen dimanch lame Ris la fè li " pwomès" ke l ap resevwa plis minisyon ak zam, apre li te menase pou l retire fòs li nan vil Bakhmout nan Ikrèn akoz mank materyèl.
BROWNSVILLE, Texas (AP) — Lapolis nan Brownsville, Texas, di 7 moun mouri e omwen 10 blese apre yon chofè te raboure ak manchin li yon gwoup moun ki t ap tann transpò piblik nan yon estasyon otobis devan yon abri migran.
ALLEN, Texas (AP) — Yon sitwayen ak zam touye 8 moun e blese 7 lòt nan yon fiziyad nan yon sant komèsyal nan zòn Dallas Samdi 6 me 2023 a.
Load more