Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme di nou pa gen anpil detay ki soti pa rapo ak kantite lajan ranson ki ta peye pou liberasyon sitwayen ameriken Abigail ak Jean-Dickens Toussaint.
Pri gazolin nan an Ayiti lakoz pri transpo piblik la ogmante 17 wotè. Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak chofè e kliyan.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, kapital peyi d Ayiti pale ak sitwayen Ayisyen ki bay opinyon yo sou atik New York Times ki di kom kwa gwoup mesene Ris ki rele "Wagner Group" la ap diskite posibilite pou l ta desann Ayiti pou ede peyi a jere pwoblem gang lan.
Moun nan Potoprens, kapital peyi d Ayiti make Vandredi Sen ak yon manifestasyon, kote yo tap pwoteste kont zak vyolans ak kidnapping gang yo kap dewoule san pran souf nan peyi a.
🇭🇹▶Vizit Ajan FBI ansanm ak jij enstriksyon Walter Wessel nan kay ansyen defen prezidan Jovenel Moïse
Direksyon Santral Polis Jidisyè Ayiti, DCPJ, atravè Biwo Afè Finansyè ak Ekonomik BAFE pibliye yon nouvo rapò sou dosye kagezon zam ak minisyon ki te rantre sou non legliz Episkopal Ayiti Ajan Dwanye yo nan Pòtoprens te sezi nan mwa jiyè 2022 a.
Avoka nan divès jiridiksyon peyi òganize yon jijman senbolik kont Premye Minis Ariel Henry, devan lokal pakè Pòtoprens jodi lendi 3 Avril 2023 a....Deklarasyon youn nan avoka yo ...
Plizyè òganizasyon feminis te manifeste nan lari Pòtoprens Lendi 3 Avril pou mande Ministe Kondisyon Fanm pousuiv san fwa ni lwa yo pou zak malonet yo fe fanm ak tifi sibi.
Nèg ame simen latèrè nan yon katye tou pre kapital la Jedi 30 Mas kote youn mouri ak plizyè lòt dega. Matiado Vilme
Yon temwen ki te nan otobis la ak koup Ayisyen Ameriken Jean Dickens Toussaint ak Abigail Toussaint, di VOA li blame chofe a ki pat vle peye bandi Gran Ravine / Ti Lapli yo lajan yo te mande a, pou kidnapping lan. Matiado Vilme te pale ak misye.
Ayiti : 29 mas 1987; 29 mas 2023 Konstitisyon 1987 la genyen 36 zan. Nan okazyon …. divès òganizasyon sosyal, politik nan vi nasyonal la te plante pikèt yo sou plas konstitisyon charmas.
Ansyen Depite Déus Déroneth, ekretè jenaral Pati Politik Elan Demokratik pou Majorite ( EDEM) rankontre jodia, nan kad yon konferans pou bay pozisyon l sou fenomèn ensekirite..
Nèg ame moun pa idantifye blese ak bal yon rapè popilè Ayisyen jedi 23 mas la nan yon katye kapital la Pòtoprens.
Pati Politik Lòd Demokratikk ansyen senatè Jean Renel Senatus ap dirije a reyaji sou fenomèn ensekirite-a .
AVETISMAN: Imaj nan videyo sa a kapab deranje kek moun! Gang ame boule kay, boule machinn e touye plis pase yon dizèn moun nan zòn nan Petyon-vil, Ayiti pandan wikèn nan. Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak temwen ak viktim.
Ayisyen ki bezwen vwayaje, gen lontan depi y ap mache ale nan sèvis imigrasyon pou jwenn dokiman vwayaj tankou paspò. Korespondan nou Matiado Vilme vizite yon sant livrezon paspò nan kapital la, Pòtoprens.
Kondisyon lavi moun kap viv nan peyi a chak jou vinn pi difisil ak ensekirite, kriz politik.
Sitiyasyon vyolans an Ayiti nan dènye tan yo, ap gen konsekans sou Edikasyon Timoun yo.
Elèv Lise Alexandre Petyon manifeste nan Lari Pòtoprens jodi lendi 13 Mas 2023 pou fòse Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonel deloje Lekòl la.
Load more