Medsen rezidan ak entèn lopital inivèsitè leta Ayisyen moun plis konnen sou non lopital jeneral te pran lari jodi lendi 6 fevriye 2023 pou fòse otorite yo tande revandikasyon yo.
Jij Walter Wesser Voltaire entèwoje Ansyen Premye Minis Claude Joseph jodi jedi 2 fevriye 2023 nan kad dosye Jovenel Moise la.
Plizye sitwayen reyaji sou operasyon direktè jeneral Polis Nasyonal la , Frantz Elbe lanse kont banditis anndan peyi a.
Antèman 3 polisye ki te mouri nan lokalite metivye komin Petyonvil nan dat 20 janvye pase a chante jodi madi 31 janvye 2023 a.
Mouvman pwotestasyon polisye yo kontinye nan plizyè vil pwovens kontrèman ak kapital-la kote aktivite yo reprann. Sepandan , nan penye sityasyon difisil apre operasyon gang yo nan wikenn-nan.
Nan yon virewon korespondan nou Matiado Vilme fè nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan lap di nou kijan sitiyasyon prezante Vandredi 27 Janvye 2023.
Potoprens: Matiado Vilme te vizite pou nou Lopital Inivèsite Leta Ayisyen kote sityasyon an bay ke sote.
Polisye pran lari Potoprens Jedi 26 Janvye a pou pwoteste kont lanmo kanmarad yo, ki mouri anba bal gang ame yo. Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme kapte imaj sa yo jodia.
Lajistis libere vandredi 20 janvye 2023 a Shelson Sanon ki te fèmen nan prizon depi 10 lane pou asosyasyon malfetè ak denonsiyasyon kalomnyez.
Gouvenman Premye Minis Ariel Henry a pibliye nan jounal ofisyèl la Le Moniteur manm Haut Conseil Transition(HCT) dapre Akò 21 desanm 2022 malgre opozisyon kek sektè.
Komisè gouvènman tribinal premye enstans Pòtoprens lan, mèt Jacques Lafontant rankontre ak laprès Jodi lendi 16 janvye 2023 a pou demanti enfòmasyon ki ta fè kwè li nan move zafè ….
Jij walter Wesser Voltaire odisyone vandredi 13 janvye 2023 pastè Emmanuel Sanon nan kad ankèt lap mennen sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Aprè odisyon an mèt Jehan Colimon ak mèt Stanley Gaston k’ap defann pastè a nan dosye sa a te reyaji nan mikwo Matiado Vilme.
Gouvènman Ayisyen an òganize jodi-a yon seremoni nan Palè Nasyonal. Nan okazyon an korespondan-nou nan Pòtoprens Matiado Vilmé ap fè yon rale sou seremoni sa a, pou komemore 13èm anivèsè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la.
Ankèt sou Asasina Prezidan Jovenel Moïse : Jij Walter Wesser Voltaire odisyone jodi Mèkredi 11 janvye 2023 an Ameriken ki gen dorijin Ayisyèn James Solages
Komisè Gouvènman Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontant, transfere dosye Pastè Amel Lafleur la nan koreksyonel apre odisyon li, Madi 10 Janvye.
Yon seremoni senbolik dewoule nan Potoprens, kote plizye militan politik salye fen manda Senatè yo.
Avoka ki reprezante yon dansez popilè Ayisyèn PNH arete demanti kliyan li nan konfyolo ak gang. Li akize lapolis dèske li lanse akizasyon sa a kom reprezay. Matiado Vilme pale ak avoka pou VOA Kreyol nan Potoprens.
Oganizasyon fanm an Ayiti denonse Pastè Amel Lafleur, ke yo akize de "outraj ala pidè." Korespondan nou nan Potoprens pale ak yo.
Kabinè avoka kap defann Pastè Armel Lafleur ekri pakè Pòtoprens pou mande yon repò nan envitasyon yo fè ak pastè a. Korespondan nou nan Pòtoprens, Matiado Vilme, gen reyaksyon komisè gouvènman Potoprens lan sou demann sila a.
Ann Ayiti tankou nan dyaspora a, ayisyen yo selebre fèt endepandans la ak fèt aye yo sitou ak premye minis Ariel Henry fè ofran floral.
Load more