Nouvo direktè Ladwan nan, Julcène Edouard objektif li se "fè respekte misyon ladwan, ogmante resèt leta, konbat kontrebann e anpeche pwodwi pwohibe antre sou teritwa a." Li te pale nan mikwo korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme.
Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Jacques Lafontant konfime yon kontenè ladwan sezi ki gen zam ladann, sete pou legliz Episkopal Ayiti. Moun ki te sipoze vinn resevwa kagezon an se Madan Gina J.L. Rols. Lafontant te pale nan mikwo korespondan VOA Kreyol nan Pòtoprens, Matiado Vilme.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak kek manifestan ki esplike kijan rate gaz la afekte lavi yo e poukisa yo deside foule beton an jodia.
Matiado Vilme, korespondan VOA Kreyol nan kapital Ayisyèn nan ba nou kont randi zak vyolans gang yo te komèt pandan wikèn nan.
Yon jiris Ayisyen, Laimond Jean Paul bay opinyon'l sou fason dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la ta dwe trete. Li te pale ak korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak kek patizan Prezidan Jovenel Moise sou jistis pou defen chef deta a ak lavi ann Ayiti depi lanmo li.
Ansyen Senatè Ayisyen Moise Jean Charles eksprime pozisyon'l pa rapo ak revandikasyon patizan pati politik Fanmi Lavalas yo, k ap reklame lidè pati a, Jean Bertrand Aristide retounen kom prezidan pwovizwa. Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme gen detay.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme ba nou kont randi sityasyon elèv nan Potoprens ki te espere pase egzamen bakaloreya a men ki pakapab akoz pwoblèm ensekirite a prezante.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme ba nou kont randi sityasyon ensekirite a ozalantou palman an epi ki sa kap fèt pou rezoud li.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens pran kontak ak Komise Gouvenman an Jacques Lafontant ki di pa okenn avanse ki fet sou ka sa a.
Nan yon entèvyou ak VOA Kreyol, Pierre Esperance blame mank konsekans pou krim yo komèt pou banditism ki bloke pouvwa jidisyè peyi d'Ayiti.
Korespondan VOA Kreyol nan kapital Ayisyèn nan fè yon pase devan Palè Jistis la kote li jwenn baryè a fèmen e li pa wè prezans polis nasyonal la.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme te sou plas pandan manifestasyon moun andikape yo tap fe nan kapital la pou reklame dwa yo.
Korespondan nou nan Potorpens, Matiado Vilme pale ak plizyè timoun kap viv nan lari Potoprens, akoz ensekirite a ak zak vyolans yo te sibi lakay yo.
Jounalis VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak Dr. Hans Larsen, Prezidan Komite Olenpik Ayisyen an sou disparisyon nan eta Florid, 6 manm delegasyon Ayisyen ki tap patisipe nan je Olenpik Espesyal yo. La Jistis Ameriken pibliye yon mesaj sou Facebook pa rapo ak disparisyon moun sa yo.
Ansyen prezidan Sena Ayisyen an, te konparet devan tribinal nan Potoprens Jedi, kote li te fe fas ak akize li a, yon anplwaye domestik ki gen 67 an, ki di misye te abize'l fizikman pandan plizye zane.
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak sitwayen nan kapital Ayisyèn nan sou patisipasyon Ayiti nan Somè Dèz Amerik la. Kisa yo panse?
Nan Potoprens, popilasyon an move kou kong akoz ogmantasyon pri sèvis Digicel. PDG konpayi a esplike rezon ki fè yo deside ogmante pri yo.
Matiado Vilme, korespondan VOA Kreyòl nan kapital Ayisyen nan pale ak manifestan yo ki esplike poukisa yo deside fe sit-in devan Anbasad peyi La Frans epi kisa yo atann yo kòm rezilta.
Load more