Ansyen senatè Moise Jean Charles, ki se dirijan pati Pitit Dessalines nan eksprime opozisyon l fas ak demach CARICOM ap fè pou tabli yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki va chwazi yon premye minis enterime pou dirije Ayiti.
Plizyè moun pèdi lavi yo nan lanuit dimanch 18 pou rive lendi 19 Mas nan komin Petyonvil. Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme di nou kadav yo te epapiye nan plizyè ri nan komin nan.
Mikwo twotwa: korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak popilasyon an sou anons Premye Minis Ariel Henry fè granm maten pou di li pral demisyonnen apre konsèy tranzisyon an va an plas.
"Moun k ap pran rèy peyi a se pèp Ayisyen an k ap deside," potpawol alyans gang "Viv Ansanm" nan, Jimmy Cherizier alyas Barbecue deklare bay laprès Lendi 11 Mas la.
Marcelin Myrthil, alyas "Arab La" denonse anprizonman li nan penitansye nasyonal Potoprens la ke li dekri tankou yon "lanfe". Misye te pami prizonye ki te chape poul li pandan evazyon 2 Mas la. Lajistis te metel anba kod epi akize l deske li te posede zam ilegal. Li di sèl zam li posede se manchèt.
8 Mas se Jounen Entènasyonal Medam yo, men korespondan nou Matiado Vilme di nou ane sa a, pa gen anyen ki fèt patikilyèman nan kapital Ayisyèn nan, Pòtoprens.
Rosy Auguste Ducena, yon manm Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun Ayiti a, RNDDH blame otorite an plas yo pou eskalad vyolans Ayiti konstate pandan semen ki sot pase yo.
Ayisyen nan Potoprens reyaji sou absans Premye Minis Ariel Henry, ki paka tounen Ayiti akoz sityasyon an ozalantou ayeropo peyi a.
Marc Antoine Maisonneuve , yon lot avoka ex-solda Kolonbyen yo raple òdonans Jij Walter Wesser Voltaire pa inkilpe kolonbyen yo.
Avoka prizonye Kolonbyen ki fèmen nan Penitansye Nasyonal Potoprens la di prizonye yo di l yo pa santi yo an sekirite apre sa yo te viv swa kote gwoup sivil ame kraze pot penitansye a.
Pami prizonye ki pa chape kite Penitansye Nasyonal Potoprens la pandan afwontman ant PNH ak gang ame yo, VOA Kreyol jwenn plizyè pami mèsenè sispèk Kolonbyen ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moise la. Nou pale ak kèk nan yo.
VOA Kreyol pale ak plizye malad nan lopital jeneral Potoprens la ki di nou dokte yo kouri kite lopital la pandan afwontman ant gang ame yo ak lapolis e ke depi le a pesonn poko vini pou ba yo swen medika. Yon pasyan di nou "menm dlo pa genyen".
Plizyè milye prizonye ki te fèmen nan Penitansye Nasyonal Potoprens la swa mouri, swa chape pandan yon afwontman and polisye nasyonal ki tap veye prizon an ak gwoup sivil ame yo. Jounalis VOA Kreyol wè plizyè kadav epapiye pasi pala devan ak andedan penitansye a.
Plizyè milye prizonye ki te fèmen nan Penitansye Nasyonal Potoprens la swa mouri, swa chape pandan yon afwontman ant polisye nasyonal ak gwoup sivil ame yo. Yon enjenyè kap ede PNH la ki t al fè konsta Dimanch maten di VOA gen 99 prizonye ki rete sou yon total 4,000 ki te fèmen nan prizon an.
Chef Gang G9 la, Jimmy Cherizier alyas Barbecue semante gang yo pa enmi polis nasyonal la e ke pito "vre enmi yo" se leta Ayisyen. Misye fe deklarasyon sa a bay la pres nan moman li lanse apel bay polisye yo pou pote kole ak gang li pou "dechouke" Premye Minis Ariel Henry.
Nan yon entevyou ak VOA Kreyòl, Direkte Rezo Nasyonal Dwa Moun Ayisyen (RNDDH) di li pa kwe fòs miltinasyonal la pral rezoud pwoblem alyans ak konivans ki egziste nan mitan fòs polis nasyonal la.
Polis Nasyonal Ayiti (PNH) antre nan lese frape ak gwoup sivil ame nan zon penitansye nasyonal la apremidi a. Korespondan nou Matiado Vilme te sou plas e li esplike sakap pase.
Reyaksyon Reynold Geoge Avoka Laguel Civil parapò ak deklarasyon ansyen DG Lapolis la Leon Charles Reynold ki di se "Les Chiens de garde" ki livre prezidan an.
Load more