Ansyen senatè eli Grandans Guy Philippe rive nan peyi Dayiti kote gen fanatik ak sipòtè ki te vinn akeyi l . Matiado Vilme te sou plas.
Siyatè Akò politik 30 Out 2021 an pran lari Pòtoprens Mèkredi 29 Novanm pou venere memwa tout moun ki te mouri asasinen nan lekòl nasyonal Ajantin Belgad la nan riyèl Vayan. Matiado Vilme te pale ak yo.
Mèt Elder Guillaume di Kabinè d Enstriksyon gen entansyon "epengle" moun ki endekse nan rapo koripsyon ULCC a. (Inite Lit Kont Koripsyon an)
Òganizasyon politik Revèy nasyonal pou souverènte Ayiti,,,, yon strikti ki reyini plizyè pati politik ki nan vi nasyonal peyi a,, prezante bay peyi a yon pwopozisyon soti nan kriz sosyon politik la
Ansyen Senatè depatman sid peyi a Hervé Foucan reponn kesyon jij Walter Wesser Voltaire nan kad Ankèt kap mennen sou Asasina Ansyen Prezidan Jovenel Moïse
Nan peyi Ayiti sitiyasyon an ap vinn pi malouk akoz aktivite gang yo kap entansifye.
Jij k ap ankete sou asasina Prezidan Jovenel Moise mande anbasadè Ayiti nan l”OEA a pou l vinn fè yon lòt depozisyon nan kabinè l.
Plizye òganizasyon popilè oganize yon manifestasyon devan Lokal Biwo entegre nasyon nan pòtoprens pou eksprime kòlè yo kont pozisyon Chef Binuh an Maria Isabelle Salvador pran nan kriz politik peyi a.
Jean Oreste Morin Apilard ke piblik la konnen sou nom Mèt Morin te reponn kesyon jij Walter Wesser Voltaire lendi 13 novanm nan nan kad ankèt jij la ap mennen sou Asasina Ansyen Prezidan Jovenel Moïse la.
Bandi kontinye ap pran teritwa nan peyi ayiti, nan Komin kafou popilasyon an kouri kite kay yo.
Plizye oganizasyon popilè Ayisyen plante pikèt yo devan Anbasad peyi La Frans nan Potoprens pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry. Matiado Vilme te sou plas.
7 prezime bandi tonbe nan echanj kout bal ak Lapolis nan komin Delma pi presizeman Delma 33 nan sitwon byen bonè maten lendi 6 novanm 2023 a.
Tout moun se Moun seyon strikti ki gen yon gwoup jèn kwafè deside fè cheve timoun kap viv nan lari yo.
Matiado Vilme te vizite yon simityè ki nan dezyèm sikonskripsyon pòtoprens lan lap ba nou detay
Manm kolektif lekol piblik yo pran an otaj ( CEPPO) rankontre ak laprès jounen vandredi 3 novanm 2023 a pou denonse iresponsabilite otorite yo ki pa fè anyen pou pèmet 14 etablisman eskolè ouvè pòt yo, detay ak Matiado Vilme
Korespondan nou Matiado Vilme te vizite Simityè Pòtoprens jodi mèkredi 1ier novanm 2023 a nan okazyon fèt gede lap di nou plis
Gouvènman Ayisyen an entèdi tout vol charter ki pral Nikaragwa, ke migran kap kouri kite Ayiti akoz lamizè ak zak vyolans gang yo tap pran de pluzanplu pou yo eseye rive Etazini.
Popilasyon Kafou Fey la pran lari Madi 31 Oktob la pou mande gouvenman an pran dispozisyon pou jere gang ame yo pou yo ka tounen lakay yo. Matiado Vilme te pale ak kek pami manifestan yo nan Potoprens.
Ansyen responsab jidisyè Ayisyen Joseph Felix Badio konparèt ankò madi 31 Oktòb la devan jij entriksyon Walter Wesser Voltaire pou reponn kestyon nan kad dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la. Matiado Vilme te sou plas pou VOA Kreyòl.
Ayisyen ki te achte biye pou vwayaje Nikaragwa vekse a mo Lendi 30 Oktob pou tande tout vol sou peyi Amerik Santral sa a anile. Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, pale ak kek nan moun sa yo nan lakou ayewopo Toussaint Louverture la.
Load more