Nan yon entèvyou eskiliziv ak kolèg nou Jorge Agobian, Konseye Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, Jake Sullivan di LOTAN voye yon mesaj pwisan bay Larisi semèn sa a.
Pandan yon vizit nan Guyana, Sekretè d Eta Antony Blinken deklare Jedi Etazini kontinye ap konsantre jefo li sou eleksyon lib, onèt ak kredib nan Venezyela ane pwochèn.
Diplomat pi wo plase Etazini re-afime sipo gouvenman Ameriken an pou Ayiti pandan yon vizit nan Trinidad ak Tobago.
Kore di Sid enkli pami 23 manm seleksyon nasyonal ki pral patisipe nan Koup di Mond Medam yo yon tinedjè ki pran nesans Ozetazini ki rele Casey Phair. Sandra Lemaire di nou kiyes li ye, ak poukisa yo chwazi l pou jwe pou peyi a.
Sekretè Jeneral Nasyonzini ak Kominote Karayib la (CARICOM) pwomèt Lendi pou yo kontinye pouse pou pi devan ak jefo pou yo ede Ayiti fè fas ak plizyè kriz.
Vijini ò ganize yon fèt pou selebre 247èm anivèsè endepandans Etazini.
Lapolis nan Baltimore di 2 moun pèdi lavi yo e 28 lòt blese nan yon fiziyad ki fèt nan yon katye nan vil Baltimore, kote 3 nan blese yo nan yon eta kritik..
Yon Tribinal nan Brezil Pran yon Desizyon ki Afekte Plan Ansyen-Prezidan an Genyen pou l Postile pou yon pos piblik.
Gouvènè Florid la, DeSantis anvizaje anpeche migran ki akouche Etazini jwen sitwayente Ameriken pou pitit yo.
Lamezonblanch ak Minis Jistis la ap fè fas ak anpil kritik sou fason yo jere dosye legal pitit gason prezidan an Hunter Biden.
Lidè gwoup mèsenè Wagner la, Yevgeny Prigozhin pibliye Lendi premye deklrasyon li depi li te kite tonbe revolt li te oganize Samdi. Misye defann revolt la kom reyaksyon apre yon atak sou twoup li yo ki te lakoz 30 mesenè te mouri.
Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken pwononse yon diskou devan asanble jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo Vandredi, kote li pwomèt ke Etazini pral envesti plis lajan nan rejyon an.
Etazini nomen seleksyon nasyonal ki pral reprezante l nan Mondyal Foutbol Medam yo, ki pral dewoule nan peyi Ostrali ak La Nouvèl Zeland apati 20 Jiyè. Kiyès yo ye? Sandra Lemaire gen detay nan Koze Fanm.
Lachin deklare komantè Prezidan Etazini Joe Biden fè kote li refere a lidè Chinwa a Xi Jinping kòm diktatè "konplètman fou e iresponsab".
Pitit gason Prezidan Joe Biden nan, Hunter, pral plede koupab a akizasyon federal ki gen pou wè ak enpo ak posesyon ilegal zam a fe, epi evite pou yo mennen pwosè li apre li jwenn yon antant ak Depatman Jistis la.
Lèzetazini ak Lachin pran angajman pou amelyore relasyon yo ki ap deteryore, nan moman Sekretè d Eta Antony Blinken ap fè yon vizit nan Peken.
Depatman Justis Etazini akize lapolis vil Minneapolis Vandredi dèske li vyole sistematikman dwa konstitusyonèl epi diskrimine kont Nwa yo ak Endyen Ameriken yo. Akizasyon sa a vini apre yon ankèt sou Depatman polis la ke yo te lanse apre lanmò Nwa Ameriken George Floyd.
Pwogram Alimantasyon Mondyal gen gwo ke sote pou sityasyon ensekirite alimante a an Ayiti ansanm ak malnutrisyon ki pi grav pase peyi tankou Somali ak Afghanistan. Responsab yo di se ka yon katastwof si li pa resevwa finansman pou pwogram li yo.
Load more