Nan yon fowòm òganizasyon Atlantic Council òganize pou diskite sou kestyon sekirite, Jeneral Ameriken Laura Richardson te reponn kestyon sou Ayiti. Jounalis magazin politik Ameriken Politico te mande si Etazini ap konsidere voye militè an Ayiti.
Youn nan abri pou fanmi ki oblije kouri kite kay yo nan Potoprens, ap fè fas ak pwoblèm plizyè santèn moun kap goumen pou repa Pwogram Alimantasyon Mondyal la distribye. Detay ak Sandra Lemaire.
Dife pran Penitansye Nasyonal , videyo montre gwo nyaj lafimen nwa kap soti nan espas la, kote neg ak zam t al libere prizonye pi bonè mwa sa a. (Video: Reuters, AP)
Anbasad Etazini nan peyi d Ayiti anonse sou kont Twitter li, kidonk rezo ki rele X kounyea, ke yon dezyèm gwoup Marin rive Ayiti "pa vwa ayeryen pou bay anpil sipò ak ekip aktyèl Sèvis Sekirite Diplomatik DSS anbasad la."
Korespondan VOA nan Depatman Deta, Nike Ching fè konnen Sekretè Deta Antony Blinken pale ak Prezidan Kenya William Ruto maten an pou konfime Kenya pare pou dirije Misyon Sipò Sekirite pou Ayiti a osito ke nouvo konsèy tranzisyon an va enstale.
Yon responsab wo plase Depatman Deta pale ak laprès entènasyonal ki fè repòtaj sou Ayiti Madi 12 Mas 204 la.
Nan yon entevyou ak VOA, Depite Demokrat Greg Meeks ki reprezante Nouyòk nan Lachanm Depite Etazini, eksprime kè sote li pou sakap pase an Ayiti.
Premye Minis Ariel Henry ap goumen pou l rete sou pouvwa a. Nan moman lap eseye retounen Ayiti, gang ame yo fòse fèmti ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la epi libere plis pase 4,000 prizonye nan penitansye yo.
Load more