Yon otorite lokal tou pre vil Pari entèdi Michel Martely prezante yon espektak semèn pwochèn nan.
An Frans, majistra yon vil tou pre Pari entèdi Michel Martely, alyas Sweet Micky, fè yon espektak semèn pwochèn nan. Majistra a pran desizyon sa a apre kominote ayisyèn nan te mete yon petisyon devan gouvènman lokal la pou mande l anpeche ansyen prezidan an ak pitit li prezante espektak la.