WASHINGTON (AP) — Prezidan Joe Biden di administrasyon li ap laji aksè nan Medicaid ak asirans sante Affordable Care Act’s la pou plizyè santèn milye imigran ke moun te mennen ilegalman Ozetazini lè yo te timoun.
MEXICO CITY (AP) — Pi gwo otorite imigrasyon nan peyi Meksik la pral fè fas ak akizasyon kriminèl akoz yon dife ki te touye 40 imigran mwa pase.
RIO DE JANEIRO (AP) — Prezidan brezilyen Luiz Inácio Lula da Silva pwale nan peyi Lachin pou ranfòse relasyon ak pi gwo patnè komès nasyon li an genyen an epi pou chèche sipò pou fè lapè tounen nan Ikrèn.
AUSTIN, Texas (AP) — Depatman Jistis Etazini ap pote ann apèl desizyon yon tribinal nan eta Texas te pran pou li sispann apwouve yon remèd ke medam yo konn itilize nan pifò avòtman ki fèt Ozetazini.”
MANILA, Filipin (AP) — Fòs Ameriken ak Filipin lanse pi gwo egzèsis konba ansanm nan dlo Filipin anfas Lanmè Sid Lachin nan ak Detwa Taiwan nan, kote Washington te avèti Lachin pou aksyon li ki ap vin pi agresif.
WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden nan detèmine ofisyèlman ke yon repòtè Wall Street Journal yo te arete nan Larisi sou akizasyon espyonaj rete anba kòd san rezon valab.
TAIPEI, Taiwan (AP) - Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen kondane egzèsis militè ke Lachin sot fè nan alantou zile a, kote li di Lachin pa t demontre yon konpòtman "responsab" antanke yon gwo nasyon nan rejyon Azi la.
LOUISVILLE, Ky. (AP) — Lapolis nan vil Louisville nan eta Kentucky di omwen 4 moun pèdi lavi yo e 9 lòt soti blese nan yon fiziyad nan yon bank.
TAIPEI, Taiwan (AP) — Ministè defans Taiwan di ke lame Lachin voye plizyè douzèn avyon de gè ak 11 bato de gè nan direksyon zile a pou moutre fòs li apre vwayaj prezidan Tsai a sot fè nan peyi Etazini.
AUSTIN, Texas (AP) — Gouvènè eta Texas Greg Abbott ap chèche padone yon sèjan Lame Amerikèn ki te jwenn kondanasyon poutèt li te touye an 2020 yon manifestan ame pandan moun t ap pwoteste nan tout peyi a kont vyolans lapolis ak enjistis rasyal.
Anbasadè Ameriken an nan Larisi ak yon gwo diplomat Larisi te rankontre pou diskite sou arestasyon yon repòtè Wall Street Journal ke otorite ris yo te mete anba kòd semèn pase a pou zak espyonaj.
Load more