BRUSSELS (AP) — Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di li pa gen okenn dout ke Larisi te arete nan move kondisyon yon repòtè Ameriken ki ap travay pou The Wall Street Journal ke li akize pou espyonaj.
NASYON ZINI (AP) — Komisè Larisi pou dwa moun nan ki anba akizasyon pou krim lagè, poutèt li ta depòte timoun ikrenyen, fè konnen LaRisi te mennen timoun yo Moskou pou sekirite yo e ke Moskou ap fè aranjman ak kèk òganizasyon entènasyonal pou retounen yo bay fanmi yo.
BOISE, Idaho (AP) — Gouvènè eta Idaho, Brad Little, siyen yon lwa ki fè li ilegal pou yon granmoun ede yon minè al fè avòtman san konsantman paran yo.
CAPE TOWN, Lafrik di sid (AP) — Yon pilòt nan peyi Afrik di sid fè yon aterisaj ann ijans apre li te dekouvri yon kobra ki te kache anba chèz li.
Peken (AP) — Prezidan fransè Emmanuel Macron lanse apèl bay lidè Chinwa Xi Jinping pou mande li sèvi ak enfliyans Peken genyen pou "ede Larisi rejwenn bon sans li" epi ede jwenn yon "lapè dirab" nan Ikrèn.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Joe Biden deklare li rete pou nou wè si entèlijans atifisyèl danjere pou sosyete a.
WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden nan di Etazini pral voye bay Ikrèn apeprè $500 milyon dola minisyon ak ekipman epi depanse plis pase $2 milya dola pou achte yon seri minisyon, rada ak lòt zam pou peyi sa a nan lavni.
DAKAR, Senegal (AP) — 2 medya franse fè konnen Burkina Faso mete korespondan yo deyò san rezon.
Presidan Joe Biden pral vizite Wayòm Ini ak Iland nan dat 11 pou rive 14 Avril, dapre sa Mezon Blanch fè konnen.
TALLAHASSEE, Fla. (AP) — Sitwayen yo nan eta Florid pral kapab pote zam kache nan machin yo oubyen anba rad san yon pèmi dapre yon pwojè lwa ke Gouvènè Repibliken an Ron DeSantis siyen.
MOSKOU (AP) — Yon tribinal nan kapital Ris la di avoka repòtè Ameriken jounal The Wall Street Journal ki te jwenn arestasyon pou swadizan zak espyonaj konteste arestasyon an.
BEIRUT (AP) — Lame Etazini fè konnen yon atak ak dron nan nòdwès Siri touye yon gwo kòmandan gwoup Eta Islamik la ki te responsab pou planifikasyon atak ann Ewòp.
Load more