SAN SALVADOR, El Salvador (AP) — Gouvènman Salvadò a transfere 2,000 lsispèk anplis nan yon nouvo prizon ke li bati espesyalman pou manm gang, e minis jistis la fè sèman ke “yo pap janm retounen” nan lari ankò.
Ostrali ap achte nan men Etazini 3 soumaren atak ki mache ak enèji nikleyè nan kad yon antant pou 2 dizèn lane ant 3 nasyon, ak Grand Bretay, nan lide pou ranfòse prezans alye yo nan rejyon Azi-Pasifik la nan moman LaChin ap enpoze li pi plis militèman.
SEOUL, Kore di Sid (AP) — Kore di Sid di Kore di Nò lanse 2 misil balistik nan direksyon lanmè a e se dezyèm lansman li semèn sa a.
Lidè minorite nan Sena a, Repibliken Mitch McConnell, kite lopital apre li fin resevwa tretman pou chòk li te pran apre li te tonbe nan yon otèl nan Washington DC.
WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden nan anonse ayè lendi-a li pwal pèmèt anpil moun Ikrèn ki te antre Etazini sou fwontyè sid-la rete nan peyi-a pou yon lòt ane nan kad pwogram ki rele pawòl imanitè a.
DUBAI, Emira Arab Ini (AP) — Alatèt sistèm jistis peyi Iran di ke 22,000 moun yo te arete nan dènye manifestasyon yo jwenn padon yo.
WASHINGTON (AP) — Ansyen Vis Prezidan Etazini Mike Pence lanse pi gwo kritik li kont ansyen Prezidan Donald Trump pou wòl li te jwe nan revòlt ki te fèt nan dat 6 janvye nan Kapitòl Etazini an.
WASHINGTON (AP) — Etazini kòmanse itilize yon nouvo estrateji pou sere boulon ekonomi Larisi e sitou oligak li yo.
Load more