NORFOLK, Va. (AP) — Gouvènman Ameriken an ap eseye bloke ekspedisyon ke konpayi RMS Titanic Inc ap planifye a, kote yo vle ale pran objè ki gen valè istorik nan Titanic la, ki anba dlo depi plizyè ane.
ST. PETERSBURG, Larisi (AP) — Kremlin an di Prezidan Ris Vladimir Putin pa fè plan asiste antèman Yevgeny Prigozhin, ki mouri semèn pase a nan yon aksidan avyon 2 mwa apre li te lanse mouvman rebelyon kont Moskou.
Fas ak demand jent la ki te bay anbasadè Franse a nan Nijè yon iltimatòm pou li kite peyi a nan 48 è, Prezidan Emmanuel Macron di nan yon diskou devan diplomat yo lendi 28 Out la ke anbasadè Lafrans la nan Nijè pral rete nan peyi a malgre presyon lidè yo ki te fè koudeta kont prezidan Bazoum.
GENEVA (AP) — Otorite wo-plase nan Federasyon foutbòl Espay la mande prezidan federasyon an Luis Rubiales pou l demisyone akoz move konpòtman li nan koup du mond fanm yo, tankou bo yon jwè nan bouch apre Espay te ranpòte match chanpyona a.
MOSCOU (AP) — Komite Ankèt Larisi a konfime ke chèf Wagner Yevgeny Prigozhin mouri nan yon aksidan avyon ki te fèt semèn pase a.
LOUISVILLE, Ky (AP) — Lapolis nan Louisville nan eta Kentucky di yon fiziyad ki fèt nan lannwit lan toupre yon ba-restoran, lakoz yon nonm pèdi lavi e 5 lòt blese ak bal.
Kandida a la prezidans pati Repibliken yo te patisipe nan premye deba yo Mèkredi swa. Jedi 24 Out la, ex-Prezidan Donald Trump ap fè preparasyon pou l rann tèt li bay lajistis an koneksyon ak yon pwosè kote yo akize l de koken nan eleksyon prezidansyèl 2020 an.
Load more