Nouvo chèf pakè pòtoprens la, mèt Edler Guillaume ,gen yon delè 100 jou poul kòmanse bay rezilta nan jiridiksyon an.Se opinyon yon lidè dwa moun Annayiti,mèt Gedeon Jean.
Gouvenman Ayisyen an enstale yon nouvo Komise Gouvenman nan pake Potoprens la. Met Edler Guillaume ap ranplase Jacques Lafontant.
Korespondan-nou Matiado Vilmé li-menm pale ak kè moun nan rejyon metwolitèn Pòtoprens sou Fowòm nan.
Ouvriye sektè sou tretans yo kap reklame 2500 goud kòm salè minimum manifeste yon lot fwa anko jodi lendi 22 me 2023 a. Detay ak korespondan nou Matiado Vilme depi PAP.
Polis Nasyonal Ayiti anonse lap pousuiv 4 anplwaye Sogebank ke yo sispek mele nan yon konplo detounman lajan kliyan yo. Matiado Vilme gen detay.
Manifestasyon nan Pòtoprens nan okazyon 220tyèm anivèsè Drapo Ayisyen an plizyè dizèn responsab òganizasyon politik te fè deplasman pou vin pwoteste pou reklame demisyon Premye Minis Ariel Henry ak rès gouvenman li an.
Etidyan nan inivesite leta nan Potoprens bay opinyon yo sou plan Premye Minis Ariel Henry genyen poul fete Fet Drapo Okap ane sa a. Fet la ap dewoule menm jou ak komemorasyon inivesite yo.
Devan kamera korespondan VOA Kreyòl Matiado Vilme , plizyè sitwayen reyaji sou Operasyon lapolis ap mennen nan rantre sid kapital la, Potoprens.
Plizyè sitwayen bay opinyon yo nan mikwo korespondan nou Matiado Vilme sou operasyon lapolis mennen nan rantre sid kapital la.
Manchet tou nef distribye Lendi 8 Me a nan kad jefò yon katye nan Pòtoprens ap fe pou kwape gang yo. Mouvman 'Bwa Kale' a pran pye nan peyi d Ayiti men gen kek moun ki di gen inosan ki viktim mouvman sa a tou. Matiado Vilme te pale ak yo.
Yon militan politik ki ap sipòte mouvman Bwa Kale a denonse yon manda komisè gouvènman Pòtoprens lan Jacques Lafontant mete dèyè l.
Sitwayen yo nan Pòtoprens kontinye reyaji sou mouvman yon bon pati nan popilasyon an lanse kont gang yo
Gwoup sivil ame ap chache pran kontwòl Kafoufèy
Korespondan VOA Kreyòl Matiado Vilme vizite yon lokal nan Kanapevè, yon espas kote plizyè fanmi ki kouri kite kay yo akoz pwoblèm ensekirite a
Ayiti: Popilasyon Kanapevè mete dife sou plis pase 10 prezime Bandi devan je polisye yo, lendi 24 Avril 2023 a.
Se jodia yo chante lantèman 3 polisye ke bandi te touye 9 avril 2023, fèt vandredi 21 avril 2023
Divès òganizasyon politik nan kapital Ayisyèn nan òganize yon sit-in devan rezidans ofisyèl Premye Minis Ariel jodi Mèkredi 19 Avril 2023 a detay ak korespondan nou Matiado Vilme
Pati Politik Mouvman Transfòmasyon ak Valorizasyon Ayiti (MTV) bay yon konferans vandredi 14 Avril 2023 a pou l fikse pozisyon l sou konjonkti politik peyi a
Ensekirite: Plizyè responsab Òganizasyon politik an Ayiti òganize Yon Sit-in devan lokal Ministè jistis ak sekirite piblik jedi 13 Avril 2023.
Load more