Yon gwoup moun oganize yon sit-in nan kapital Ayisyen nan Pòtoprens Vandredi pou mande Premye Minis Ariel Henry rache manyòk li. Moun sa yo di pa gen okenn pwogrè ki fet anba gouvènman Henry a epi lavi chè rann lavi yo enposib.
Bandi ak zam touye epi boule yon manman ak 2 pitit li nan kwadèboukè. Otorite yo poko idantifye bandi yo. Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme te pale ak Compere Vernissaint, ki se fanmi viktim nan e ki ba nou detay sou sak pase.
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak machann nan kapital la sou kijan lavi chè afekte yo.
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak plizye kanbis nan kapital la, ki blame ensekirite a pou to d'echanj dola Ameriken - Goud Ayisyen an ki wo anpil epi ogmante lavi che a.
Chofè taksi ki pale ak korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme di yo obije ogmante pri yo pou konpanse pou lajan bandi yo fè yo peye pou sof pasaj nan Matisan.
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme di nou yon konbit gwoup opozisyon ap planifye yon mobilizasyon Dimanch 14 Out la pou pwoteste kont gouvenman an plas la ak peyi alye li yo tankou: Etazini, La Frans ak Kanada.
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak kek sitwayen nan kapital la ki reyaji sou yon deklarasyon Oganizasyon Eta Ameriken yo pibliye kote li bay kont randi sou sityasyon Ayiti a.
Met Eric Pierre Louis, ke la jistis Ayisyen akize an koneksyon ak yon dosye trafik zam, te konparèt devan la jistis Lendi. Kolèg li yo nan lod batonye Potoprens yo te sou plas pou apiye'l.
Pandan yon manifestasyon nan Potoprens Dimanch 7 Out pou pwoteste kont Premye Minis Ariel Henry, lavi che, kidnapping e pou mande jistis pou Prezidan Jovenel Moise, te gen yon seremoni lwa.
Yon gwoup manifestan pran lari Potoprens Dimanch 7 Out la pou pwoteste kont gouvenman Premye Minis Ariel Henry a. Lide mobilizasyon an, Magalie Habitant te pale ak VOA Kreyol.
Matiado Vilme, korespondan VOA Kreyol nan Potoprens ap ba nou bilan operasyon Polis Nasyonal Ayiti di li mennen pandan semen nan ki bay bon rezilta.
Korespondan nou Matiado Vilme pale ak manifestan, pami yo chofe moto ki te fe yon sit-in nan kapital la pou rele chal bari deye Premye Minis Ariel Henry akoz fason lap dirije peyi a.
Sekrete Jeneral Mouvman Twazyem Vwa a di VOA Kreyol nan Potoprens, pati opozisyon Ayisyen an pral kontinye travay, malgre Reginald Boulos ap kite pos li kom lide pati a. Korespondan nou, Matiado Vilme gen detay.
Responsab ki pale ak korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme di nou timoun yo te pase plizye jou san manje ni dlo anvan yo te jwenn mwayen rekipere yo epi mennen yo nan lekol katolik la kote yap resevwa swen.
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme di nou plizye pati politik ap kole tet ansanm pou mobilizasyon 3 jou sa a ki gen kom objektif pou pwoteste kont ensekirite ki afekte tout kouch sosyete a.
Lapolis itilize gaz lakrimojèn pou gaye yon manifestasyon ki tap dewoule kont Premye Minis Ariel Henry. Sa fè 2èm fwa fòs de lòd anpeche dewoulman manifestasyon kont pouvwa a.
Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme fe swivi dosye zam ki fe anpil moun sezi semen pase a kote otorite ladwan sezi yon kagezon zam ki te destine pou legliz la.
Korespondan VOA Kreyol nan kapital Ayisyèn nan pale ak yon gwoup moun ki pran lari Vandredi 15 Janvye pou monre mekontantman yo ak sityasyon peyi a epi salye ex-prezidan Jean Bertrand Aristide.
Load more