Otorite santral yo komemore 218èm anivèsè asasina Jean Jacques Dessalines Jedi 17 Oktôb la.
Nan yon dokiman 12 paj, Inite lit kont koripsyon (ULCC) pibliye rapò ankèt li mennen sou akizasyon 100 milyon goud 3 konseye prezidansyèl tranzisyon an ki ta mande Ansyen Prezidan Administrasyon BNC Raoul Pascal Pierre Louis poul te kapab rete nan Pòs li.
Yon Tweet Prezidan peyi Kenya a, William Ruto, te fè sou kont X li pou te salye agajman gouvènman peyi Dominiken an nan sipò yo ak Misyon Miltinasyonal Apwi ak sekirite MMAS kontinye kreye konfizyon nan peyi a.
Timoun kap viv nan sant d akey Kafou a akoz zak vyolans gang yo fòse yo kite kay yo, mande leta Ayisyen pran responsabilite l pou ke yo ka tounen nan sak klas la. Matiado Vilme gen detay.
Nan Pòtoprens, pa gen anpil siy ki montre preparasyon ap fet pou re-ouveti lekol semen pwochen nan. Matiado Vilme gen detay.
Yon gwoup sendikalis manifeste devan Vila dakèy pou denonse fason CPT a chwazi manm KEP a.
Yon premye gwoup 24 ofisye Jamayiken ak ofisye Beliz te rive jedi 12 septanm Ayiti pou sipòte fòs miltinasyonal la an Ayiti nan kad misyon yo genyen pou yo akonpaye PNH la batay kont gang yo.
Deplase ki ap viv nan lakou Legliz sen chal komin kafou depi plizye mwa leve vwa yo jounen mèkredi 11 septanm 2024 la pou denonse move lavi yap viv nan kan sa
Presyon kontinye ap fèt pou mande demisyon oswa retrè 3 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon ki anba akizasyon koripsyon .
Yon espesyalis nan zafè sekiritepeyi reyaji sou demach otorite Amerikèn yo antreprann pou ta gen yon misyon onizyèn nan peyi Ayiti.
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an prezide seremoni envestiti nouvo komandan an chèf lame d Ayiti Madi 20 Out, 2024 nan Potoprens.
Asosyasyon Medya Ayisyen yo reyaji sou arestasyon 2 jounalis ke polis nasyonal Ayiti (PNH) mete anba kod pandan operasyon anti-gang yo tap mennen.
Soti mwa janvye pou rive mwa jiyè 2024, Rezo nasyonal defans dwazimen nan peyi Ayiti( RNDDH) resanse 66 moun ki Asasinen oubyen disparet nan komin kafou ak Gresye ,,,, Korespondan nou nan Pòtoprens Matiado Vilme ap vinn ak plis detay
Madi 13 out pase a, yon komisyon jesyon enstale nan tèt Bank Nasyonal kredi BNC,,, detay Matiado Vilmé
Plizyè pèsonalite politik gen pozisyon yo diferan sou demach ki antreprann pou òganizasyon eleksyon yo nan peyi Ayiti.
Koudapèl Pòtoprens libere Mèt Robinson Pierre-Louis ki se ansyen sekretè jeneral bawo Pòtoprens, ak Me Michelet Virgile, ki se ansyen komisè gouvènman Pòdepè, ayè mèkredi 7 Daout 2024 la apre yo fin pase 2 ane fèmen nan prizon nan kad dosye bato "Miss Lili".
Rezo fanm kapab Dayiti Refkad ak patnèl li yo reyalize yon klinik mobil nan komin kafou an solidarite ak deplase kap viv nan kan Senchal.
Fòs Revolisyonè Antant (Entente) Nasyonal, FREN, se yon platfòm politik tou nèf ki gen nan tèt li ansyen senatè eli Grandans Guy Phillipe. Matiado Vilme te nan lansman estrikti sa.
Lapli ki tonbe sou plizyè zòn nan rejyon Potoprens lan, nan lanwit Mèkredi 31 jiyè pou leve jedi premye Out 2024 la, lakoz anpil dega nan komin kafou,,,, Matiado Vilme ap di nou plis.
Yon gwoup machann ki di yo se viktim dènye evenman gwoup sivil ame yo nan Pòtoprens leve vwa yo pou mande leta akonpayman pou yo kapab reprann aktivite yo,
Load more