Konseye prezidansyèl Emmanuel Vertilaire fè deklarasyon Patrimwan li yè mèkredi 24 jiyè 2024 lan nan grèf tribinal sivil premye enstans Potoprens
Yon responsab pati politik pwoch ansyen Senatè eli Grandans Guy Phillipe anonse yon leve kanpe kont pouvwa an plas la.
Politisyen Ayisyen Rene Civil kritike Prezidan Joe Biden ke li di two granmoun pou l ranpli fonksyon li epi salye chwa Kamala Harris kom kandida pati Demokrat la pou eleksyon Novanm 2024 la.
Nouvèl ki pran lari nan Pòtoprens fè konnen ta sanble gen yon lòt avyon Kenya Airways ak polisye Kenyen ki ta sipoze debake nan peyi Dayiti pwochenman. Matiado Vilme sou plas nan ayewopo Toussaint Louverture la.
Premye kontenjan polisye Kenyan ki pral fe pati misyon miltinasyonal ki pral ede PNH la (fos polis nasyonal Ayiti) jere zak vyolans gang yo rive Potoprens 25 Jyen 2024. Korespondan nou, Matiado Vilme te sou plas.
Avyon kap transpote premye kontenjan polisye Kenyan yo rive Potoprens Madi maten pou lanse yon misyon ki vize konbat zak vyolans gang yo epi jere ensekirite a. Pandansetan manifestasyon vyolan ap dewoule nan Kenya kote plizye moun mouri.
Premye Minis Gary Conille kondane Madi aksyon gang ame yo ap fè nan sosyete a ki lakoz polisye pèdi lavi yo.
Manifestan pran lari pou mande demisyon Frantz Elbe, direktè fos polis nasyonal Ayiti, apre atak gang Viv Ansanm ki lakoz 3 polisye mouri e plizyè blese pandan wikenn nan. Matiado Vilme te pale ak manifestan yo.
Youn nan gran Defi Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an, se pwoblèm Ensekirite a, ann al gad sa pi pre ak Matiado Vilme
Ayisyen nan Potoprens gen opinyon depaman sou kiyes ki ta pi bon moun pou okipe pos premye minis peyi d Ayiti. Matiado Vilme te pale ak yo.
Yon òganizasyon fanm ki apiye kandidati Marie Denise Claude pou pòs premye minis lan mande konsèy Prezidansyèl la pou se yon fanm ki vin dirije gouvénman an.
Enskripsyon pou Pòs Premye Minis Tranzisyon an fini jodi Vandredi 17 me a.
Anviwon 80 moun depoze pyès yo devan Konsèy Prezidansyèl la nan kad enskripsyon ki louvri pou Pòs Premye Minis pouvwa tranzisyon an
Plis pase yon santèn prizonye ki fèmen nan prizon sivil komin kafou ap fè fas ak yon grangou san parèy.
Moun te ka tande kout bal ki kontinye chante nan kapital la, Potoprens. Pandansetan, otorite sanitè yo resanse pou pi piti 30 enstitisyon sanitè nan depatman lwès la ki fèmen pot yo.
Plizyè santèn manifestan pran lari Potoprens pou pwoteste kont "cha blende" ki tie sou yo nan moman lavi yo deja difisil akoz zak vyolans gang ame yo.
Sitiyasyon jounalis Ayisyen yo pa diferan de jounalis k ap viv nan peyi etranje. Matiado Vilme
Korespondan nou nan Potoprens, Matiado Vilme, prezante nou pwofil nouvo Premye Minis Ayisyen Fritz Belizaire. Li pale tou ak politisyen ak militan ki bay opinyon yo sou nominasyon misye.
Jij Merlan Belabre òdone arestasyon Sekretè jeneral Sena Ayisyen an, Marie Nelly Verpile Boyer aprè l fin tande l nan kad ankèt ULCC sou kat debi ak jesyon machin nan enstitisyon an.
Nan Potoprens, plizye militan politik reyaji sou chwa Edgard Leblanc Fils kòm kowodonate konsèy prezidansyel tranzisyon an. Detay ak Matiado Vilme
Load more