Kèk jou aprè enstalasyon komsèy prezidansyèl tranzisyon an lapolis fèmen ak gwo kontenè preske tou rantre perimet palè nasyonal la
Diferan sektè nan vi nasyonal peyi a pran pozisyon yo parapò ak pouvwa tranzisyon an. Jodia, patizan ex-Senatè Grand'Anse la, Guy Philippe bay pèspektiv pa yo sou konsèy la.
Kout zam te fè mikalaw nan moman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an tap enstale bonè maten 25 Avril 2024 la nan Potoprens. Matiado Vilme pale ak kèk sitwayen ki bay opinyon yo sou nouvo dirijan peyi a.
Gang ki asyeje kapital Ayisyèn nan, Potoprens, gen gwo enpak sou plizyè sektè nan sosyete a. Korespondan nou Matiado Vilme ap prezante nou yon kategori moun sitiyasyon sila afekte.
Ansyen Prezidan Ayisyen Jocelerme Privert te reponn konvokasyon Jij enstriktè Merlan Bellabre te fèl nan kad ankèt jij la ap mennen sou dosye koripsyon ki lye nan sant nasyonal ekipman CNE... Detay Matiado Vilme
Ansyen Pemye Minis Evens Paul reponn kesyon Jij Enstriktè Merlan Bellabre kad dosye koripsyon ki lye nan sant nasyonal ekipman CNE.
Rezo nasyonal k ap defann dwa moun nan peyi a RNDDH resanse pou pi piti 208 moun ki mouri asasinen p ou sèlman 3 premye mwa nan ane 2024 la, swa mwa janvye rive mwa mas la,
Kowòdonatè jeneral Fwon Nasyonal Òganizasyon pou yon Ayiti ki estab ak demokratik Rosemond Jean, anonse yon manifestasyon kont mizanplas konsèy
Pwopriyete kay ki nan perimet Ayewopò Entenasyonal Toussaint Louverture la ki konsene nan demach gouvenman an ap fe pou pran kontwòl ayewopò a reyaji nan mikro lapres sou fason pwosesis la ap dewoule. Matiado Vilme gen detay.
Bandi ame kontinye simen la tere nan mitan popilasyon Potoprens la. Pandan wiken nan, yo atake yon legliz Batis. Matiado Vilme gen detay.
Neg ak zam kagoule ak inifòm lapolis sou yo mete dife nan plizye kay nan Site Jamayik nan Pòtoprens, pandan yo tap chache yon moun ki rele "junior" ki fe pati gang Gran Ravin. Matiado Vilme pale ak kek pami yo.
Militan politik kap evolye nan Potoprens, kapital Ayiti bay opinyon yo sou Konsey Tranzisyon Prezidansyel la epi kiyes ki ta dwe dirije Ayiti. Yo te pale nan mikwo korespondan nou, Matiado Vilme.
Patizan premye minis Ayisyen an denonse sa yo konsidere tankou "kidnapping" ki fet sou PM Ariel Henry. Responsab la twouve l nan teritwa Ameriken akoz avyon li patka ateri Potoprens pou rezon sekirite.
Operasyon lapolis mennen nan zòn Chanmas nan kapital Ayisyen Pòtoprens, rann lavi machann kap eseye vann minnab. Yo eksprime fristrasyon yo nan mikwo Matiado Vilme.
Kout zam te marye nan zon Chanmas ak Pale Nasyonal Potoprens la Lendi 1 Avril 2024 la nan moman lapolis antre nan afwontman ak gang ame kap eseye pran kontwol teritwa ozalantou a. Matiado Vilme te sou plas.
Matiado Vilme vizite yon Abri nan Pòtoprens lap esplike nou kijan sa ye kote deplase yo gen gwo pwoblèm ijyèn.
Nan Pòtoprens, nouvel fè konnen ansyen prezidan Chanm Depite a Cholzer Chancy jwenn liberasyon l . Matiado Vilmé
Bandi sakaje anpil biznis ki nan zòn ri Monseyè Giyou nan Pòtoprens Lendi 25 Mas la. Detay Matiado Vilme
Yon gwoup sivil ame boule epi piye yon pati nan tribinal seksyon sid Potoprens la. Matiado Vilme gen detay sou dega yo, depi kapital Ayisyen nan.
"Lapolis ap fe efo, men poko gen sekirite" - se sa yon machann nan Petyonvil di VOA Kreyol nan moman PNH lanse operasyon kont gang ki atake komin nan. Chef gang Ti Greg pedi lavi li nan echanj kout zam yo. Matiado Vilme gen detay
Load more